KI KOTE MOUVMAN DRILL LA SOTI ?

Drill la se yon fòm gangsta rap  ki kòmanse nan ane 2010 yo nan vil Chicago   kote Driller t’ap bouyi  reyalite vil Chicago anndan mizik drill yo, ki soti andann vant hip-hop.Nan langaj lokal vil la FIZIYAD se sinifikayon Drill la poukisa paske drill ta pral parèt nan kontèks ki difisil nan vil Chicago Krim , Drog , Gang se sak pat manke kèk atis ak pwodiktè te deside vin ak fòma sa pou dekri reyalite vil Chicago.

CHIRAK se sou non sa atis yo te kòmanse popilarize nan mizik drill yo. Chirak se fòm kontrakte peyi IRAK ak CHICAGO se yon fason pou te dekri sitiyasyon kriminèl ki te genyen nan vil CHICAGO nan lane 2003 pou rive 2011 yon fason pou montre kantite ameriken ki mouri nan vil CHICAGO yo plis ke solda ameriken ki mouri an IRAK paske vil CHICAGO te gen gwo konfli GANG ak GANG.

Drill la ta pral kòmanse enpoze li nan peyi anglè yo n’ap pale de ANGLETERRE nan lane 2012-2013 atis anglè yo te enspire de atis Chicago yo men te gen kèk ti diferans e pawòl yo te sonb anpil … CENTRAL CEE ak kèk lòt driller toujou se yo ki enpoze drill nan peyi ANGLETERRE apatisiksè yo ta pral fè . Yo te kòmanse ap arete driller e fè yo pran ti prizon pou rezon driller kòmanse nan itilize kagoul pou pwoteje idantite yo epi kreye nouvo stil ki diferan de lòt mouvman yo. Se pa twò lontan la drill rive an france nou ka di se nan lane 2019-2020 li rive nan drill an France lan nou te ka jwenn kè atis tankou ZIAK, FREEZE C. GAZO poun site sa yo sèlman. Nan chak peyi drill la tonbe kilti vyolans lan pa janm separe lavi driller yo.

Rezo sosyal yo gen enpòtans kapital pou driller yo paske se sou rezo sosyal yo Driller chwazi pou fè pwomosyon pou tèt yo e lè konsa yo ka kreye fanatik fè kòb e sa posib menm sil ta yon gwo kriminèl. akoz sa driller yo ap di nan mizik yo anpil medya pat bay driller chans pou ekspoze drill la , anpil kritik t’ap fèt nan anpil medya pou montre se vyolans driller ap preche nan mizik yo. E driller te fè chwa pou pwomot tèt yo ak mizik yo sou rezo sosyal yo. Men jounen jodia anpil moun kòmanse konprann mouvman se sak fè ou ka tande mizik drill la ka woule nan anpil medya.

Nou di tout sa yo se pou montre kote drill la soti pou la.

Laisser un commentaire