FANMI DEFEN AN FÈ KONNEN KE YO PA MET PYÈS AKTIVITE POU RANMASE LAJAN.

Nan yon nòt ki pibliye madi 18 oktòb 2022 sa a, fanmi Benjamin atire atansyon popilasyon an sou endividi k ap chèche pwofite lanmò Mikaben. Manm fanmi defen an enfòme ke yo pa met okenn aktivite pou ranmase lajan .

Fanmi Michael Benjamin di: "Li pwofite okazyon sa a pou l enfòme tout moun ke pa gen okenn ranmasaj ki fèt kontrèman ak enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyal yo.

Anplis de sa, fanmi an envite moun rete vijilan kont bandi sa yo ki pwofite moman an pou yo tronpe moun. Fanmi an mande "vijilans kont endividi malveyan sa yo ki tap chache pwofite eprèv douloure sa a ke y' ap travèse kounye a".

An menm tan an, fanmi Benjamin te remèsye piblik la pou mesaj senpati yo apre lanmò chantè a. "Fanmi Benjamin an remèsye piblik la an jeneral pou tout atansyon yo te montre yo apre lanmò Michael Benjamin. Li te ekri nòt la konsa .

Laisser un commentaire